Byenveni nan gid FCAT Explorer pou paran ak fanmi!
Pwogram gid pou paran ak fanmi an sipòte paran, responsab, ak konseye nan efò y ap fè
pou ede timoun yo metrize teknik nesesè yo ki nan estanda eta Florid la epi ke yo
teste sou yo nan egzamen FCAT la. Gid pou paran ak fanmi a genyen detay sou chak
pwogram egzèsis ki disponib nan lekti ak matematik. Anplis, y ap jwenn yon lis ki
lye dirèteman ak resous depatman edikasyon pou ede w konprann FCAT la, estanda eta
Florid, ak wòl ou jwe nan prepare pitit ou pou siksè. Materyèl sa yo so disponib an
espanyòl ak angle tou.
|