|
Enfòmasyon sou FCAT pou paran ak elèv
http://fcat.fldoe.org/fcatpub3.asp
Paj entènèt sa a genyen yon bwochi ou kapab telechaje an espanyòl, anglè, ak kreyòl.
Li genyen tou yon feyè enfòmasyon sou FCAT, ak yon lis kesyon moun poze souvan sou FCAT.
|
|
Dènye rapò FCAT lekòl ak distri yo
http://fcat.fldoe.org/default.asp
Nan paj entènèt sa a, ou kapab wè rapò sou kijan lekòl ak distri pitit ou a te pèfòme
nan dènye tès FCAT la. W ap bezwen lojisyèl ki rele Microsoft Excel la pou ouvri rapò
sa yo sou konpitè w.
|
|
Dènye rezilta tès FCAT tout eta a
http://fcat.fldoe.org/
Paj entènèt sa a genyen rezilta tès lekti, matematik, syans ak ekriti. Ou kapab konpare
rezilta eta, distri, ak lekòl yo. Paj entènèt sa a genyen tou lòt enfòmasyon jeneral
rakò ak yon seri lòt paj entènèt ak nòt pou laprès. Fòk ou genyen lojisyèl ki rele Microsoft
Excel la sou konpitè w pou ouvri anpil dokiman nan paj entènèt sa a.
|
|
Seleksyon kèk kesyon yo mete disponib
http://fcat.fldoe.org/fcatsmpl.asp
Paj entènèt sa a genyen detwa egzanp kesyon ak repons ansanm ak pwen referans fondamantal yo.
Kesyon sa yo soti nan seri tès FCAT yo pa itilize ankò. Tcheke paj entènèt sa a souvan paske
yo toujou ap chanje seleksyon yo mete disponib sou paj sa pandan tout ane a.
|
|
Enfòmasyon sou konsepsyon tès FCAT la.
http://fcat.fldoe.org/pdf/fc04designsummary.pdf
Paj entènèt sa a bay enfòmasyon sou konsepsyon tès la, kalite ak kantite kesyon ki
genyen nan chak tès yo, ak diferan nivo difikilte tès chak klas yo.
|